¶ Lè gason ap goumen, si nan voye kou yo frape yon fanm ansent, epi si fanm lan fè foskouch san anyen ankò pa rive l', moun ki ba l' kou a va peye dedomajman dapre sa mari a va mande. L'a peye sa jij yo va deside.
TSK
TSK · 2 Kings 23:33
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
L'a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk l'a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve.
Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesaj bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l' konsa: --Sa m' fè a mal. Tanpri, pa atake m' ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m' bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò.
Sòlda lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan ki te lavil Ribla. Se la Nèbikadneza jije li.
¶ Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan.
Lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla nan peyi Amat la. Se la Nèbikadneza jije li.
Li pran yonn nan pitit li yo, li fè l' tounen yon jenn mal lyon. Jenn lyon an aprann jan pou l' kouri dèyè bèt pou l' manje. Li tanmen devore moun.
Yo mete yon zanno fè nan nen l', yo fèmen l' nan yon kaj. Yo mennen l' bay wa Babilòn lan. Yo mete sòlda veye l' pou moun pa janm tande vwa l' ankò nan mòn peyi Izrayèl yo.