¶ Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan tout pye miray yo.
TSK
TSK · 2 Kings 25:8
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
2 Kings 25:1
TSK
Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Jeremiah 40:1
TSK
¶ Seyè a pale ak Jeremi ankò apre Neboucharadan, chèf lagad la, te lage l' lavil Rama. Yo te fè Jeremi prizonye ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo. Yo te mete l' nan chenn ansanm ak tout moun yo t'ap depòte lavil Babilòn.
Pesonn sou latè, pa menm wa peyi sou latè yo, pa t' vle kwè yon jou, moun ki pa vle wè pèp Bondye a ta antre nan pòtay lavil Jerizalèm!