Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a.
TSK
TSK · 2 Kings 7:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.
Nan denmen maten, lè yo leve, limyè solèy la t'ap bat sou dlo a. Li bay dlo a yon koulè wouj, moun Moab yo te kwè se san.
Paske moun yo te vire do bay Seyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute vin atake lavil Jerizalèm nan senkyèm lanne rèy wa Woboram,
Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi, se sou peyi Lejip w'ap konte jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè!
Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l'ap pale.
Sou lestonmak yo, yo te gen yon plak an fè pou pwoteje yo. Lè yo bat zèl yo, yo fè bri tankou yon bann kabwèt chwal ki pral nan batay.