TSK

TSK · 2 Kings 8:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m' te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Seyè yo? Mwen kache san pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè.

Lè sa a, Seyè a konmanse wonyen sou teritwa peyi Izrayèl la. Wa Azayèl atake moun Izrayèl yo toupatou nan peyi a,

Joas, wa peyi Jida a, pran tout bagay zansèt li yo, depi Jozafa ak Joram rive sou Okozyas ki te ansyen wa peyi Jida yo, te ofri bay Seyè a ansanm ak tout bagay li menm li te ofri bay Seyè a epi ki te nan Tanp lan, li pran tout lò li jwenn nan trezò Tanp lan ak tout lò ki te nan palè a, li voye yo fè Azayèl, wa peyi Siri a, kado. Azayèl chanje lide, li pa moute atake lavil Jerizalèm ankò.

Lame Joakaz te rete avèk sèlman senkant kavalye, dis cha lagè ak dimil sòlda apye, paske wa peyi Siri a te touye tout lòt yo, li te pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè.

Apre sa, Menayèm soti lavil Tiza, li atake lavil Tifsak, li touye dènye moun ki te rete ladan l' ak nan tout vwazenaj lavil la. Li menm rive louvri vant tout fanm ansent yo. Li te fè sa paske yo pa t' louvri pòtay lavil la ba li.

Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.

Se konsa, lènmi pral tonbe sou moun nou yo. Y'a detwi tout fò nou yo. Se va tankou lè wa Chalman te sakaje lavil Betabèl jou gwo batay la. Lè sa a, yo te kraze ata manman ak pitit.

¶ Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.

Amos 1:13 TSK

Seyè a di konsa: Moun lavil Amon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Nan fè lagè pou yo ka gen plis tè, yo rive devantre fanm ansent peyi Galarad yo.