TSK

TSK · 2 Kings 8:23

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Se nan liv istwa Salomon an nou jwenn tout lòt bagay Salomon te fè yo ak jan li te gen bon konprann.

Tout lòt istwa sou sa wa Asa te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, sou lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Men, lè l' konmanse granmoun, yon maladi nan pye rann li enfim.

Tout rès istwa Amasya a ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.

Tout rès istwa Jotam ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.

Tout rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.

Tout rès istwa Amon an, tou sa li te fè, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.

Tout rès istwa Jojakim lan, sa li te fè yo, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.