TSK

TSK · 2 Kings 9:24

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tout moun ki va chape anba men Azayèl va tonbe anba men Jeou. Tout moun ki va chape anba men Jeou va tonbe anba men Elize.

Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.

Men mesye yo te pè anpil, yo di: --De wa pa t' ka kenbe tèt ak li. Kote se nou ki pou ta rive fè l'!

Job 20:23 TSK

¶ Pandan l'ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.

¶ Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.

Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo.