TSK

TSK · 2 Kings 9:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lèfini, w'a pran lwil pou mete moun apa a, w'a vide l' sou tèt Arawon. Konsa, w'a mete l' apa pou mwen.

-Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.

¶ Samyèl di Sayil: -Se mwen menm Seyè a te voye pou vide lwil sou tèt ou pou ou te ka wa sou pèp Izrayèl la. Koulye a, koute pawòl Seyè a.

Samyèl di li: -Ki jan ou vle mwen fè bagay konsa? Si Sayil vin konn sa, l'a touye m'. Seyè a reponn li: -Pran yon jenn ti gazèl avè ou, epi w'a di: Mwen vin fè yon sèvis ofrann bèt pou Seyè a.

Apre sa, w'a ale lakay Jeou, pitit gason Nimchi a, w'a mete l' wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun lavil Abèl Meola a, w'a mete l' apa nan non mwen pou l' sèvi pwofèt nan plas ou.

Se Bondye ki te fè Okozyas al rann Joram vizit sa a pou l' te ka kraze l'. Rive Okozyas rive, li pati ansanm ak Joram al kontre Jeou, pitit gason Nimchi a, yon moun Bondye te chwazi pou disparèt tout fanmi Akab la.

Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis.

¶ Wa Nèbikadneza t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen, lè li fè divès rèv. Sa te boulvèse lespri l' anpil. Li pa t' ka dòmi.

Monwa, Bondye ki anwo nan syèl la te fè papa ou, Nèbikadneza, wa. Li te ba li pouvwa, otorite ak anpil bèl bagay.

¶ Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon.