TSK

TSK · 2 Samuel 1:22

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Flèch mwen yo pral tranpe nan san, nan san moun blese yo ak san prizonye yo. Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè, l'ap koupe tèt tout chèf lènmi yo.

¶ Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo.

Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'.

¶ Mwen pral leve yon bann gwo nasyon bò nan nò, mwen pral fè yo mache pran lavil Babilòn. Yo pral pran pozisyon pou yo goumen avè l', yo pral kraze l'. Sòlda yo, se moun ki gen anpil ladrès nan sèvi ak banza, yo pa janm manke sa y'ap vize a.