TSK

TSK · 2 Samuel 12:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.

Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l' konnen nan vizyon an.

David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l' twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l'.

Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'.

Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a.

¶ Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa: -Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe.

Men, monwa, pandan m' okipe ap fè lòt bagay, prizonye a sove. Wa Izrayèl la di l' konsa: -Se ou menm ki kondannen tèt ou, lèfini ou tou di sa ou gen pou peye pou sa ou fè a!

Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: --Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.

Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan.

¶ Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.

¶ Jezi di ankò: Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason.