(Og, wa Bazan an, se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Sèkèy li te fèt an fè, li te gen kat mèt edmi longè sou de mèt lajè. Yo ka wè l' jouk koulye a nan lavil yo rele Raba moun Amon yo.)
TSK
TSK · 2 Samuel 12:26
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Deuteronomy 3:11
TSK
2 Samuel 11:25
TSK
David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l' twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l'.
¶ Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti al fè lagè, Joab pati ak pifò sòlda lame pèp Izrayèl la. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. Joab pran lavil la, li kraze l'.
Ezekiel 25:5
TSK
M'ap fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M'ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.