TSK

TSK · 2 Samuel 15:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li di yo: -Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fè yo sèvi nan lame li a. Genyen ki pral aprann moute cha, gen lòt ki pral aprann moute chwal pou fè lagè. Genyen ki pral sèvi gad kò li pou kouri devan pwòp cha pa li.

¶ Lè sa a, Adonija, pitit gason David te fè ak Agit la, pran pòz otorite li. Li t'ap di: -Se mwen menm ki pou wa. Li chache cha lagè, chwal ak yon eskòt senkant moun ki t'ap kouri devan l' lè li sou cha pa l'.

Salomon te sanble mil katsan cha lagè ak douzmil chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm.

¶ Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.

¶ Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.