Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l' pou pèp la, li di l' konsa: -Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman?
TSK
TSK · 2 Samuel 15:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.
¶ Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.
¶ Yon jou, de fanm, de jennès, vin prezante devan wa Salomon.
Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò.
¶ Zanj lan t'ap pale toujou. Li di: -Wa k'ap parèt apre sa a pral yon vòryen ki pa t' gen dwa pou l' te nan plas la. Men, l'ap vini tou dousman, l'ap fè mannigèt, l'ap pran pouvwa a.