TSK

TSK · 2 Samuel 16:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis.

Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.

Nou mèt fè plan nou. Men, sa p'ap mache! Nou mèt pale jan nou vle. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske nou menm patizan Bondye yo, se Bondye ki avèk nou!

¶ Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li.