TSK

TSK · 2 Samuel 18:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l' yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonnè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo.

Nan denmen maten Sayil pran sòlda yo, li fè twa gwoup. Epi anvan solèy leve, yo kouri antre nan kan moun Amon yo, yo atake yo, yo bat yo. Li te midi yo t'ap touye moun toujou. Sa ki pa t' mouri yo kouri chape kò yo grenn pa grenn.

David menm vin konn sa, li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo.

Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a, li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo.

Men konsèy mwen menm m'ap bay: Fè sanble dènye gason nan tout peyi Izrayèl la, depi lavil Dann jouk lavil Bècheba, pou yo tankou grenn sab bò lanmè. Lèfini, ou menm w'a mache alatèt yo.

Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l', li goumen ak twasan moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l' nan gwoup trant lan.

Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m' toupatou.

Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?