TSK

TSK · 2 Samuel 19:35

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Si pa gen kont moun nan kay la pou manje tout ti mouton an, se pou yo mete tèt yo ansanm ak vwazinaj ki pi pre kay la. N'a kalkile kantite moun ki nesesè pou manje mouton an, sa chak moun ka manje.

David di l' konsa: -Ou p'ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m'.

Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.

Job 12:11 TSK

Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.

Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen.

Madichon pou moun k'ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k'ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou!

Paske, nou deja goute Mèt la, nou wè jan li bon.