TSK

TSK · 2 Samuel 20:26

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Farawon an rele Jozèf Safna-Paneak. Li pran Asnat, pitit fi Potifera, yon prèt lavil On, li bay Jozèf li pou madanm. Jozèf al vizite tout peyi Lejip la.

¶ Prèt peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo pou plen ganmèl yo pou bay mouton papa yo bwè.

Jayit, moun fanmi Manase, te pran tout zòn Agòb la, ki vle di peyi Bazan an rive jouk sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak peyi moun Maka yo. Li bay peyi a non li. Li rele l' Bouk Jayi. Non sa a rete pou peyi a jouk koulye a.)

Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen ak peletyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te prèt.

Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a.

Sanba yo menm, moun fanmi Asaf yo, te nan plas yo dapre lòd David, Asaf, Eyman ak Jedoutoun, pwofèt wa a, te bay. Gad pòtay Tanp yo te nan plas yo tou. Yo yonn pa kite pòs yo, paske moun Levi parèy yo t'ap pare pòsyon vyann pa yo pou yo tou.