Psalms 55:21
TSK
Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.
¶ Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l', se twonpe l'ap twonpe moun.
Pa rete moun serye nan peyi a ankò. Pa gen moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.
¶ Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kot Jezi pou l' bo li.