Exodus 20:21
TSK
Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nwaj nwa a kote Bondye te ye a.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nwaj nwa a kote Bondye te ye a.
¶ Lèfini, Salomon di konsa: -Seyè, ou di ou pito viv kote ki fè nwa.
Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.
Depi kèk tan ou sèvi ak nou tankou si se pa ou ki chèf nou ankò, tankou si nou pa pèp ou a ankò.
Seyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Seyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nwaj yo, se pousyè pye l' yo ap leve.
¶ Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi.