TSK

TSK · 2 Samuel 22:34

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann.

¶ Tou twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon.

Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè.

Se Seyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.