TSK

TSK · 2 Samuel 23:34

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jayit, moun fanmi Manase, te pran tout zòn Agòb la, ki vle di peyi Bazan an rive jouk sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak peyi moun Maka yo. Li bay peyi a non li. Li rele l' Bouk Jayi. Non sa a rete pou peyi a jouk koulye a.)

¶ Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo.

Li voye chache konnen ki moun fanm lan te ye. Yo vin di l' se Batcheba, pitit fi Eliyam lan, madan Ouri, moun peyi Et la.

¶ Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!

Akitofèl te konseye wa a tou. Ouzayi, moun peyi Ak, te bon zanmi wa a.