Tè a va kale tout kalite pikan ak pengwen ba ou. W'a manje fèy ki pouse nan raje.
TSK
TSK · 2 Samuel 23:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t' egziste,
¶ Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!
M'ap boule nou tankou yo boule wòch pou fè lacho, tankou pikan chèch yo jete nan dife.
Moun ki ta pi bon nan mitan yo a, se ponya wouye. Sa ki ta yon ti jan pi serye a, li boule pase lèt kandelab, li koupe pase zèb razwa. Jou pou Bondye pini pèp li a pral rive, jan l' te voye yo avèti l' la. Lè sa a, pèp la p'ap konnen ni sa pou l' di ni sa pou l' fè.