TSK

TSK · 2 Samuel 24:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li pran tout sa li te genyen, li mete deyò, li ale, li travèse larivyè Lefrat, li pran chemen pou li al sou mòn Galarad.

¶ Moun branch fanmi Woubenn ak moun branch fanmi Gad yo te gen anpil anpil bèt. Lè yo wè jan peyi Jazè a ak peyi Galarad la te bon pou fè gadinaj,

Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape.

Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l'. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l'. Epi yo chanje non l'. Yo pa rele l' Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l' Dann.

Pa t' gen pesonn pou vin sove moun sa yo anba men moun Dann yo, paske lavil la te lwen peyi Sidon an anpil, lèfini tou, moun yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo. Lavil la te nan menm fon ak lavil Bètreyòb la. Moun Dann yo rebati lavil la, yo rete ladan l'.