TSK

TSK · 2 Samuel 6:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a, yo touye bèf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a sitèlman yo te anpil.

¶ David fè yo bati anpil kay pou li nan lavil David la. Li pare yon anplasman pou Bwat Kontra Bondye a, li moute yon gwo tant twal pou li.

Men, David te fè yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l' moute lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, li te anba yon tant wa David te fè pou li.

Wa Salomon te ofri venndemil towo ak sanvenmil mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.

Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.