TSK

TSK · 2 Samuel 8:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Tanzantan, David ak mesye l' yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki soti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip.

¶ Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò.

Joab di Abichayi konsa: -Si ou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou.

¶ Pandan tout tan sa a, Joab t'ap goumen toujou devan lavil Raba, kapital peyi Amon an. Li te prèt pou pran katye kote wa a te rete a.