TSK

TSK · 2 Timothy 1:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Acts 16:6 TSK

¶ Sentespri pa t' kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sak fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete.

Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi rèd ankò, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen.

Pòl te deside pase devan Efèz san rete pou l' pa t' pèdi twòp tan nan pwovens Lazi a. Li t'ap prese, li te vle wè si l' te kapab rive Jerizalèm pou jou Lapannkòt la.

Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la.

¶ pa t' gen pesonn pou ede m' premye jou mwen t'ap fè defans mwen devan chèf yo. Tout moun kite m' pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l' padonnen yo sa.