Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè!
TSK
TSK · 2 Timothy 4:17
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo.
¶ Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo.
Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!
M'ap fè ou kanpe devan moun sa yo tankou yon miray fèt an kwiv byen solid. Y'a goumen avè ou, men yo p'ap ka fè ou anyen. M'ap kanpe la avè ou pou m' pwoteje ou, pou m' delivre ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m' anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m' pa fè ou anyen ki mal, pa vre?
Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n' di, ni jan n'a gen pou n' pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n' di.
Men, Seyè a di li: Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l' pou sèvis mwen, pou l' fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la.
Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm.
Yè oswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m',
Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li.
¶ Frè m' yo, mwen vle nou konn sa byen: Tout bagay sa yo ki rive m' lan, yo pi fè travay predikasyon bon nouvèl la mache pase yo fè lòt bagay.
nan pèsekisyon mwen ak nan soufrans mwen. Ou konnen tou sa ki te rive m' Antiòch, Ikoniòm ak List, ki kalite pèsekisyon mwen te sipòte. Men, Bondye te delivre m' anba yo tout.
¶ Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.