TSK

TSK · Acts 10:38

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Seyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.

Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.

¶ Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.

¶ Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.

¶ Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bon Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.

Men, si se avek Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou.

Mark 1:38 TSK

Men li reponn yo: -Ann al yon lòt kote, nan lòt bouk yo nan vwazinaj la. Fòk mwen fè yo konnen mesaj la tou. Se pou sa menm mwen vini.

Mark 5:13 TSK

Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil kochon konsa nan bann lan.

Mark 6:54 TSK

Kou yo soti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi.

Luke 3:22 TSK

Sentespri a desann sou li an fòm yon ti pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.

Luke 4:33 TSK

Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò:

Luke 7:11 TSK

¶ Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l' ansanm ak yon gwo foul moun.

Luke 9:42 TSK

Pandan yo t'ap mennen ti bway la vini move lespri a fese l' atè, li souke l' byen souke. Men, Jezi pale byen fò avèk move lespri a. Li geri pitit la, li renmèt li bay papa li.

John 3:2 TSK

Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w'ap fè yo si Bondye pa avèk li.

John 6:27 TSK

Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.

Mwen menm menm, se Bondye ki te mete m' apa pou li, se li ki voye m' sou latè. Ki jan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè m' di se pitit Bondye mwen ye?

Acts 2:22 TSK

Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen.

Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.

¶ Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.