TSK

TSK · Acts 12:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.

¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!

Acts 9:10 TSK

¶ Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Seyè a parèt devan l' nan yon vizyon, li rele li: Ananyas. Ananyas reponn: Men mwen, Seyè.

Pyè menm pa t' konn ki sans pou l' te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la.

Se konsa, wa Agripa, mwen pa dezobèyi vizyon ki te soti nan syèl la vin jwenn mwen.

Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te obeyi lè Bondye te rele l' la. Li pati pou peyi Bondye tapral ba li pou pòsyon eritaj pa li. Li leve, li kite peyi l' la, san l' pa t' konnen ki bò li taprale.