TSK

TSK · Acts 19:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.

Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.

Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pa t' kenbe pawòl nou avè m', Seyè a, Bondye nou an! Nou t' al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pa t' koute m' lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Lè sa a, n'a chonje jan nou te mennen bak nou mal, jan nou te fè sa ki pa t' bon menm. Nou pral gen degoutans pou tèt nou paske nou te fè mechanste ak anpil bagay lèd devan Bondye.

Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,