Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit.
TSK
TSK · Acts 23:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Leviticus 19:35
TSK
Psalms 58:1
TSK
¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?
Psalms 94:20
TSK
Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?
Amos 5:7
TSK
Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!
Matthew 23:27
TSK
Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.
John 18:24
TSK
Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la.