TSK

TSK · Acts 24:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la.

Kòmandan an te vle konnen egzakteman kisa jwif yo t'ap akize Pòl fè. Se konsa, nan denmen li fè lage chenn yo, epi li voye lòd bay chèf prèt yo pou yo reyini ansanm ak Gran Konsèy la. Li mennen Pòl, li mete l' devan yo.

Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye l' yo, li di yo: Sanble desan sòlda, swasanndis kavalye ak desan zòm ame ak pikèt. Se pou nou tout pare pou n' pati pou Sezare aswè a, vè nevè.

Acts 24:1 TSK

¶ Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a; yo te vin pote plent pou Pòl.