y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m' temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo.
TSK
TSK · Acts 26:28
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Antan Jezi t'ap soti pou li al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l' ajenou devan Jezi, li mande li: -Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an?
Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks soti pè, li di: Bon, koulye a ou mèt ale. Lè m'a gen tan m'a rele ou ankò.
Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.
Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.