TSK

TSK · Acts 4:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.

¶ Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.

Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.

Apre sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo: Nou vin dèyè m' ak nepe epi baton, tankou si m' te yon ansasen.

John 7:15 TSK

Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekòl.

Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre.

Acts 2:7 TSK

Yo pa t' manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye?