TSK

TSK · Acts 7:53

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te soti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a.

Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.

John 7:19 TSK

Moyiz te ban nou Lalwa a, pa vre? Men, nou yonn pa obeyi Lalwa. Poukisa n'ap chache touye mwen?

Wi, ou menm k'ap vante tèt ou deske ou gen lalwa Bondye a ou se yon wont pou Bondye, pou jan w'ap dezobeyi lalwa a!

Paske yo menm ki sikonsi, yo pa fè tou sa lalwa mande. Men, yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè pou jan yo te fè nou asepte mak sa a nan kò nou.