¶ Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
TSK
TSK · Amos 8:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Se konsa, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a bay sou Jojakim, pitit Jozyas, wa peyi Jida a: -Lè l'a mouri, p'ap gen pesonn pou kenbe rèl la ak moun pa l' yo. P'ap gen pesonn pou kriye pou mèt yo, wa yo.
Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò.
Nou menm prèt yo, mete rad sak sou nou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, mare ren nou. Ale nan tanp lan, pase nwit lan ak rad sak sou nou. Nou menm k'ap fè sèvis pou Bondye m' lan, nou nan lapenn. Pa gen grenn jaden, pa gen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.
¶ Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la.
Si gen dis gason nan yon kay ki rete, y'ap touye yo.
M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun.
¶ Jou pou Seyè a vin jije a pa lwen rive! Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a. Seyè a ap pare pou li fè gwo sèvis pou touye bèt. Li chwazi moun l'ap envite yo.