TSK

TSK · Colossians 2:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Rachèl di: -Mwen t'ap mennen yon gwo batay kont sè m' lan devan Bondye. Men se mwen ki genyen. Se konsa li rele pitit la Nèftali.

Depi nan vant manman l', Jakòb, zansèt yo, t'ap goumen ak Ezaou, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye.

Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, koulye a, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m' ankò.

¶ Pitit mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k'ap soufri doulè tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fòme nèt nan nou.

Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.

Paske, si mwen pa la avèk nou nan kò m', mwen la nan lespri mwen. Mwen kontan wè jan nou rete nan lòd, jan nou kenbe fèm nan konfyans nou gen nan Kris la.

Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo.

Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.

Li di m' konsa: Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmen, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise.