TSK

TSK · Daniel 10:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?

Ajan an, se nan peyi Tasis li soti an fèy plat. Lò a soti nan peyi Oufaz. Tou sa se travay bòs atizan ak bòs fòjon. Yo pran twal violèt ak twal wouj pou fè rad mete sou zidòl yo. Sa tou, se atizan ki fè yo ak men.

Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l': -Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive?

Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo.

Sèt zanj ki te kenbe sèt kalamite yo soti nan tanp la. Yo te abiye ak yon bèl twal blan byen fin ki te klere anpil. Yo te gen sentiwon an lò mare sou lestonmak yo.