Judges 4:10
TSK
¶ Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.
Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza.
Moun peyi Pès, moun peyi Letiopi ak moun peyi Pout ap mache avè ou. Yo tout gen gwo plak fè pwotèj sou ponyèt yo ak kas fè sou tèt yo.