TSK

TSK · Daniel 6:23

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jetwo te kontan anpil lè l' tande tout bèl bagay Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la, jan l' te delivre yo anba men moun peyi Lejip yo.

Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo.

¶ Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.

L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.

Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou.

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!

Tout gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pa t' fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pa t' boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pa t' gen okenn lafimen sou yo.

Lè wa a tande sa, sa te fè l' lapenn anpil, li di nan kè l' se pou l' sove Danyèl. Jouk solèy kouche li t'ap chache yon jan pou l' fè kichòy pou Danyèl.

Mark 9:23 TSK

Jezi di li: -Si m' kapab menm!...Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.