¶ Apre sa, tout moun pèp Izrayèl yo pati kite Elim, yo rive nan dezè yo rele Sin lan, ant Elim ak mòn Sinayi. Lè yo rive la, yo te gen yon mwa kenz jou depi yo te pati kite Lejip.
TSK
TSK · Deuteronomy 1:31
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè sa a, Moyiz di Seyè a konsa: -Poukisa ou aji mal avè m' konsa? Kisa m' fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen?
Mwen pa kapab reskonsab tout pèp sa a pou kont mwen. Chay la twò lou pou mwen.
Li te jwenn yo nan dezè a, kote moun pa rete, kote van an ap soufle san rete. Li pran yo nan bra l', li pran swen yo, li pwoteje yo tankou de grenn je nan tèt li.
Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.
Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.
Pandan karantan, li pran pasyans ak yo nan dezè a.