TSK

TSK · Deuteronomy 10:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.

M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la.

Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.

Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.

Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa.

Prèt yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo.