TSK

TSK · Deuteronomy 11:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini.

Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?

Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Seyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouraj li pou l' fè nou soti kite peyi sa a. Seyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo.

Si nou rive bliye Seyè a, Bondye nou an, pou n' al kouri dèyè lòt bondye, pou nou fè sèvis pou yo, pou n' adore yo, mwen tou avèti nou jòdi a, nou tout nou gen pou nou disparèt.

¶ Jòdi a, men nou tout nou reyini la a devan Seyè a, Bondye nou an, nou menm chèf tout branch fanmi nou yo, tout chèf fanmi nou yo ak tout lòt chèf yo, ak tout lòt gason nan pèp Izrayèl la,

Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.