TSK

TSK · Deuteronomy 12:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo soti nan bouch nou.

Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.

Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an.

Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.

Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete.

¶ Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.

Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo.

Mwen p'ap janm kite non Baal yo soti nan bouch li, li p'ap janm nonmen non yo ankò.

Seyè a pale, li di ankò: -Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pesonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl.