TSK

TSK · Deuteronomy 12:30

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.

Piga nou janm fè menm jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mès yo.

se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.

Fè atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n' al sèvi lòt bondye, pou n' al adore yo.

Se pou nou disparèt yo pou yo pa fè nou tonbe nan peche kont Seyè a, Bondye nou an, pou yo pa moutre nou fè tout vye bagay lèd y'ap fè pou bondye pa yo.

¶ Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la.

¶ Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a.

Li di konsa: -Piga nou swiv lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la. Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa.

Mwen mennen yo nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. Lè yo wè gwo mòn yo ak bèl pyebwa tou vèt yo, se la yo touye bèt yo ofri pou zidòl yo. Yo fè ofrann grenn jaden ki fè m' fache sou yo. Yo boule ofrann pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo, yo vide diven atè pou yo.

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.

Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n' te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinaj, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.