TSK

TSK · Deuteronomy 13:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se pou yo touye tout moun ki kwaze ak zannimo.

Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Seyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik.

Lè sa a, Jozye bay avètisman sa a pou tout moun, li di: -Madichon Bondye pou nenpòt moun ki konprann pou l' ta rebati lavil yo rele Jeriko a. Si yon moun mete men nan fondasyon l' yo, l'ap pèdi premye pitit gason l' lan. Si yon moun remoute pòtay li yo, l'ap pèdi dènye pitit gason l' la.

¶ Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: -Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli.

Se sa ki fè men jou a ap rive. Se mwen menm Seyè a k'ap pale la a. Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè. Lavil la pral tounen yon pil wòch. Yo pral boule ti bouk li yo ratè. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a.