Lè sa a, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.
TSK
TSK · Deuteronomy 14:26
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men, se kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sèlman n'a manje ofrann yo devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an.
Lèfini, li menm ak tout moun lakay li, l'a fè fèt pou tout bon bagay sa yo Seyè a te ba li. L'a fè moun Levi yo ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fete ansanm ak li tou.
depi sa l' mande a pa depase an total sanvenmil ons ajan, sisansenkant barik ble, sisan galon diven, sisan galon lwil oliv. Pou disèl la, y'a ba li valè li bezwen.
Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.
Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo.
¶ Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye.