¶ Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou,
TSK
TSK · Deuteronomy 18:22
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Samyèl t'ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre.
¶ Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: --Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
Pwoche non! Vin di sa ki gen pou rive! Kisa nou te di k'ap rive ki rive vre? Di nou ki jan sa pral pase pou n' ka pran prekosyon nou! Fè nou konnen sa ki gen pou rive pou n' ka rekonèt sa lè l'a rive vre!
Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt.
Kote zansèt nou yo ye koulye a? Eske pwofèt yo te ka viv san yo pa janm mouri?