Nan twa jou farawon an pral fè rele ou, l'ap fè yo pann ou nan yon pyebwa, kote zwazo ap vin dechèpiye ou.
TSK
TSK · Deuteronomy 21:22
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Si te gen yon sèl lavil konsa, distans la ta ka twò long. Lè sa a, moun ki reskonsab pou tire revanj moun yo touye a, si l'ap kouri dèyè moun ki te fè krim lan, li ta ka rapouswiv li. Nan kè cho li, li ta ka ba l' yon kou, li touye l'. Lè sa a, li ta touye yon inonsan, paske nonm lan pa t' fè espre, li pa t' janm gen anyen nan kè l' kont moun li touye a.
Li fè yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l' la jouk aswè. Lè solèy kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la. Yo pran l', yo voye l' jete devan pòtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wòch sou li. Pil wòch la la jouk jòdi a.
Li pa bon non sa ou fè a. Ou manke sou travay ou, Abnè. Mwen fè sèman devan Bondye ki vivan an, nou tout nou merite yo touye nou. Paske nou pa pwoteje mèt nou, wa Seyè a te chwazi a! Gade non! Kote frenn wa a? Kote krich dlo ki te bò tèt li a?
Enben, renmèt nou sèt gason nan fanmi li an pou nou ka pann yo devan Seyè a nan lavil Gabawon, lavil Sayil la menm, nonm Seyè a te chwazi pou wa a. David reponn yo: -M'ap ban nou yo.
¶ Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l' ladan l', li al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rekòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo.
Nou sot tande jan l' pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa? Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmò.
¶ Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo.
Si m' desobeyi lalwa, si m' fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pesonn pa ka lage m' nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen.
Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt: Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò.