TSK

TSK · Deuteronomy 24:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Nwaj la leve anwo tant lan, l' ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l' vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.

Lè granprèt la, Azarya, ak lòt prèt yo gade l', yo wè maladi a parèt sou fwon li. Yo mete l' deyò. Li menm, li prese soti paske se Seyè a menm ki te pini l'.

¶ Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan.