TSK

TSK · Deuteronomy 26:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Koute byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa ki va fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gran nasyon nan bon peyi sa a, kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la.

Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!

Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.

vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.

Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,

Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo.

Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.

¶ Seyè, antan ou nan syèl la, nan bèl kay ki apa pou ou a, tanpri, voye je ou gade nou non! Jan ou te fè jalouzi pou nou sa a! Jan ou te kanpe pou nou ak kouraj ou sa a! Jan ou te renmen nou sa a! Jan ou te konn gen pitye pou nou sa a! Kote ou kite tou sa? Gen lè ou fèmen kè ou!

Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Seyè a beni mòn ki apa pou li a, mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.

¶ Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.

Lè Bondye te fè Abraram pwomès la, li te fè sèman li t'ap kenbe li. Li fè sèman an sou tèt li, paske pa gen pi gran pase li.